20/09/2012

M ap espere

             


Kankou bouton flè k ap tann lawouze douvanjou
Pou pyafe sou tèt mòn lanjelis.
Kankou lalin ak flèdizè k ap tann konsè pwezi lanmou
Pou taye banda nan gran savann.
Kankou tè sèk  k ap tann krache lesyèl
Pou panpannen nan koudjay la richès.
M ap espere w  Chouchouboulout!
M ap espere w kankou chat k ap veye sourit,
Kankou jounalis k ap veye atis,
Kankou vant kode k ap veye yon solobab.
Ay, wi!
Je m toupatou : nan tout kalfou,
Nan tout anbasad, nan tout banbòch,
Nan tout langèt m ap boske w.
Wi! M ap boske w  Chouchouboulout,
Pou sa fè m wè zetwal k ap fè lanmou anwo labapen,
Dlo ak kolobrit k ap fè lago douvan papòt lanjelis,
Ravèt k ap valse anba gouyad tibèkiloz zandolit,
Flè k ap esplike pwonmnad lanmou nan asyèt lakansyèl,
Pou sa respire mwen , pou sa lanbe mwen,
Pou sa vale lalwèt mwen, pou sa satouyèt mwen,
Fè filèt kòk mwen bat vodou rabòday
Kankou byèl k ap danse plotonnen
nan motè machin samouray.


pjerochar@yahoo.fr


3 commentaires:

Anonyme a dit…

Tu sais beaucoup jean
Je t`aime

Anonyme a dit…

Sa a fre wi!!!!!

Anonyme a dit…

Mwen renmen sa nèt!!!!
PNord