22/06/2011

Bonjou nan Fouchèt


Depi nan tan lontan granmoun nan Fouchèt  pa te janmen negosye kite pitit yo al benyen nan lanmè, menm si yo te konn naje.Se  te la tout gwo bèt  pran lèz kò yo e vin marye ak koulè dlo ble lanmè a ki kache  sa k ap pase anba l mete tou ak gwo sakad ale mennen vini làm yo pou chavire bouch anba menm batiman, se te kèk rezon  ki esplike pèrèz granmoun sa yo.  Anvan nou ba w istwa silantò  nan bon jijeway an nou fè yon ti rale tou kout sou zòn nan Fouchèt ak moun ki t´ap viv ladan l. Fouchèt te ranje nat li nan mitan de potorik mòn ki t ap ba l sekirite lajounen kou lannwit. Tout kò yo te trese ak pyebwa epi flè tout koulè. Tout moun  nan kanton an te rekonèt ke nan pyebwa yo te gen yon nan « nanm », se pou sa yo te jwenn bon jan pwoteksyon ak timoso  laswenyay. Lapli pa te gen sezon, li te konn bay ochan l  lè  moun yo pa t  panse. Se pou sa Fouchèt te fre e li pa te manke bèl. Zwazo tout kalite plimay te konn soti toupatou vin bay payèt e solèy kè kontan an li te blayi nan zantray tout kretyen vivan nan Fouchèt. Abitan nan kominote sa a pa te anpil e yo te antann yo tankou frè ak sè, yonn te respekte lòt. Yo te chaje ak bèl rèv. Yo te kwè tou, nan fòs kouraj ak nan fòs travay yo ki se kannòt ki penmèt yon kretyen vivan, yon peyi, yon kominote vinn granmoun tèt li e travèse move van sou lanmè la vi a. Se pou sa lekòl pa lekòl depi pou l desann bwa timoun kou granmoun te gentan sou de pye militè yo manchèt, pikwa  ak tout lòt kalite zouti ki pa respekte granchire zèb chyendan sou zepòl yo pou fè latè kite frekan. Tè a te konn bay bon ranman paske chak pye patat oubyen yon pye manyòk yo fouye se te  yon bourik ki pou pote l. Timoun kou granmoun  te jwenn manje pou fè gagòt.
 Souzafè lasante pa te gen lopital men maladi pa t pote yo ale paske bon metsen fèy se sa k pa t manke. Moun nan Fouchèt te viv anpil tan paske yo te gen bon ijèn e manje yo pa t makonen ak prodwi chimik.


   Nou kraze rak n ap gen pou tounen yon jou kou jodi a vin ba w rès istwa a.

                                           pjerochar@yahoo.fr

Aucun commentaire: